Jhimy Petit Noel

Haiti is our

Jhimy Petit Noel


Haiti se paw, haiti se pam, haiti se pan
Se pa pa n kras ki fe li paka avanse
Se linyon tet ansanm ke nou manke
yon ti peyi paradi ki chaje avni
lajenes met tet ansanm pou nou fel grandi
pa jete fatra nan lari sispann fe tet di
si nou paka proteje l ki les ki pral propte l
se depi lontan peyi m ap pase mize
sa ki we di rete pe, pa gen anyen
ki janm chanje, mwen vreman
fache paske si peyi m pabon
mwen menm mwen pap bon
mwen bouke pran imilyasyon
nan men lot nasyon, li le li tan pou n pran yon desizyon
pou haiti sispann soufri de jou an jou
jou ap pase, fok nou ta gen yon chanjman
pou jan peyi m te bel, gad jan
nou fel tounen poubel, nan tan
lontan yo te relel archipelle des Antilles
jounen jodi nou fel pedi styl, istwa hero
nou yo selman ki rete
e genyen menm ki pa konn vale l
yo pito etranje ki we, tout botel, tout beltel
yap meprizen paske yo we nou pa konn
vale l, map mande tout ayisyen toupatou
mete tet ansanm pou n fe
yon chenn solidarite, pou nou ka rekonstwi peyi nou

haiti se pa m li ye
haiti se paw li ye
nan inyon nou ka vanse
si nou genyen menm ide
annou tout pote kole
pou nou manyen we si na rive

ayiti ayiti chenn solidarite a fenk komanse
moun okap prepare n gonayiv, po o prens jakmel, jeremi
tout no, tout sud, tout les, tout lwes
tout peyi a avanse me Kd men
Jhimy vin koure peyi nou ayiti ayiti
ayiti se pan li ye, se pou sa nou rasanble
pou n koure peyi nou wee jhimy kd ayiti

nan peyi pam tout moun yon sel koule
bel jenn neges marabou bel milatres
men le nou byen gade jenes la fin dezole
epi peyi m men nan machwe l boude
yo pa menm Konnen kisa menm yap reve
pou nou manyen we si na rive

ayiti pi bon pase w nan pwen
fom te ka kitew pou m te ka
konn vale w fom te ka mankew pou m te ka apresyew
nou menm ayisyen nou gen yon Bondye ki sen
ayiti piti leve, kanmenm wap we demen

Encontrou algum erro na letra? Por favor, envie uma correção >

Compartilhe
esta música

Ouça estações relacionadas a Jhimy Petit Noel no Vagalume.FM
ESTAÇÕES